Lane 2021 se lane pou n mobilize pou n desinen #AyitiNouVleA. Plan an se chanje peyi a nan 30 lane, yon fason pou tout moun viv nan diyite. Ane 2021 an se ane eleksyon, se ane pou n kòmanse make chanjman sa.
MOBILIZE POU #AYITINOUVLEA se yon pwogram pou rive ankouraje omwen 3/5 elektè yo (3.6 milyon) patisipe tout bon nan eleksyon, nan:
Annatandan, nou envite w reponn yon kesyonè sou sa ki pi enpòtan pou ou pou pwochen administrasyon an. Apre sa, nou envite w abone ak imel ou, vini yon moun k ap mobilize lòt moun oubyen kontakte nou.
Nou dakò chanjman nou vle a, se nou k pou pote l. Kounyeya li lè pou n deside ki kote ak kijan. Ranpli kesyonè sa epi ann mete, travay ansanm, pou n jwenn rezilta.
Kesyonè sa gen 10 kesyon - youn pou chak tematik pwogram #AyitiNouVleA, youn pou lòt sijè w ta renmen ajoute. ANVA vle konnen kisa k enpòtan pou ou paske batay la se batay nou tout.